Accessibility links

Breaking News

Lidèship Macron an Danje nan Moman Tansyon sou Plan Pansyon li Ogmante


Yon dam kenbe yon pankat ki montre Prezidan Franse Emmanuel Macon ki chita sou yon pil fatra ak pawol "Wa Fatra" pandan yon manifestasyon nan Paris, Vandredi 17 Mas, 2023.
Yon dam kenbe yon pankat ki montre Prezidan Franse Emmanuel Macon ki chita sou yon pil fatra ak pawol "Wa Fatra" pandan yon manifestasyon nan Paris, Vandredi 17 Mas, 2023.

Manifestan ki pran lari divès vil nan peyi La Frans kenbe pankat ki gen yon foto Prezidan Emmanuel Macron ki chita sou yon pil fatra.

Imaj la fè referans a fatra ke yo pa koleksyone akoz travayè asenisman yo ap fè grèv. Sepandan imaj la fè referans tou a sa pèp Franse a panse de lidè yo, ki gen 45 an.

Macron te esepere pouse pou pi devan ak plan li pou ogmante laj retrèt la de 62 a 64 an epi kore akonplisman li kom prezidan ki te transfòme eknomi Fransèz la pou 21èm syèk la.

Olye de sa, Macron ap fè fas ak anpil defi - bò kote palman an ak nan lari gran vil peyi a.

Desizyon pou l apwouve pwojè lwa pansyon an san palman an pa vote sou li taka prezante yon defi pou gouvènman li an pa rapò ak pwojè lwa ki ta renmen pou palman an adopte pandan rès manda 4 an li an.

XS
SM
MD
LG