Accessibility links

Breaking News

Emmanuel Macron Ap Vanse Pou Pi Devan ak Refòm Sistèm Pansyon an


French President Macron visits a school on the theme of preventive medicine in Jarnac
French President Macron visits a school on the theme of preventive medicine in Jarnac

Prezidan franse Emmanuel Macron ap vanse pou pi devan ak plan li ki soulve pawòl anpil, pou refòm sistèm pansyon peyi a san yon vòt palman an, pandan manifestasyon ap kontinye nan tout peyi a e kote pati nan opozisyon an yo ap pare pou yon vòt non-konfyans vandredi.

Macron te sèvi ayè jedi a ak pouvwa ke konstitisyon an ba li pou li pase pwojè-lwa ki ogmante laj pansyon an, soti nan 62 pou mete li nan 64 lane san yon vòt nan palman an.

Sena a pase pwojè-lwa a jedi, men politisyen zèl-dwat yo nan Asanble Nasyonal la kont mezi a, sa ki vle di pwojè a pa te gen ase vwa anfavè li.

2 tyè Franse kont pase-men an nan sistèm pansyon an, dapre kèk sondaj.

Gen grèv nan tout peyi a depi mwa Janvye pou pwoteste kont refòm nan, sa ki afekte tren, lekòl, sèvis piblik ak pò yo. Dè milye moun manifeste devan palman an jedi.

« M santi ke y ap jwe m antan ke sitwayen, » se pawòl Laure Cartelier, yon pwofesè lekòl ki gen 55 lane.

Sendika yo lanse mo dòd pou yon lòt jounen grèv nan tout peyi a jedi lòt semèn.

Yon grèv travayè vwari yo ki kont refòm pansyon an, lakoz pakèt pil fatra moute nan lari vil Pari, sa ki atire rat e ki degoutan pou touris yo.

XS
SM
MD
LG