Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Ikrèn Oleksii Reznikov Vizite Paris


French Defence Minister Lecornu and Ukrainian counterpart Reznikov attend a news conference in Kyiv
French Defence Minister Lecornu and Ukrainian counterpart Reznikov attend a news conference in Kyiv

Lide pou voye djèt konba bay Ikrèn te sou kalandriye jodi-a lè Minis Defans Ikrèn Oleksii Reznikov te vizite Pari pou fè chita-koze ak lidè franse-yo.

Dirijan Ikrèn yo mande pou alye-yo nan loksidan voye djèt-yo pou yo ka reponn pi byen yon envazyon LaRisi, men pou kounye-a, apèl sa-a pa chofe nan tèt lidè-yo.

Lè jounalis mande si LaFrans ap konsidere voye djèt konba bay Ikrèn, prezidan franse Emmanuel Macron di ayè lendi-a, li pa ekate okenn lide, men li poze plizyè kondisyon pou sa ta fèt. Pami yo, fòk yo pa ta touche teritwa LaRisi, p-ap ogmante tansyon e p-ap febli kapasite lame franse-a.

Nan Etazini, lè Prezidan Joe Biden te rive nan Mezon Blanch lendi, jounalis te mande-l si l-ap voye avyon konba F-16 nan Ikrèn. Biden reponn « Non ».

Yon lòt kote, otorite LaFrans ak Ostrali fè konnen y-ap pwodui plizyè milye boulèt kanno 155 milimèt. Se konpayi zam franse Nexter ki ap pwodui yo, pandan Ostrali ap founi poud pou pyès kanno. Premye chajman-yo ka rive nan Ikrèn vè finisman mwa Avril.

XS
SM
MD
LG