Accessibility links

Breaking News

Pil Fatra nan Lari Pari Tounen Senbòl Pwotestasyon


France Pensions The Garbage Problem
France Pensions The Garbage Problem

PARIS (AP) — Fatra pil sou pil nan Pari e pil fatra ap grandi preske chak jou e kèk kote menm, pil fatra yo pafwa rive menm wotè ak moun.

Travayè vwari ki responsab pou kolekte fatra nan Pari lanse yon grèv 2 semèn, sa ki sal repitasyon vil Paris, kapital franse a ke moun rele Vil Limyè a.

Yon rezidan vil la ki kwè tèt-rèd nan grèv la di li pito rele vil la "sant fratra santi". Toujou gen gwo opozisyon kont desizyon Prezidan Emmanuel Macron pou ogmante laj pansyon sitwayen yo, soti nan 62 ane pou monte 64.

Gen fatra toupatou nan katye Vil limyè a yo e nan kèk ka yo bouche ri etwat yo nèt. Manifestan yo di sa se tòkèt la, chay la dèyè.

XS
SM
MD
LG