Accessibility links

Breaking News

Paris: Sitwayen ki ap Manifeste Kont Refòm Pansyon an Anvayi Bilding BlackRock la


BlackRock building France
BlackRock building France

Plizyè douzèn sendikalis k ap pwoteste kont revizyon pansyon ke Prezidan fransè Emmanuel Macron te fè a anvayi pou yon ti tan bilding santral Pari a kote konpayi envèstisman BlackRock ki baze Ozetazini gen yon biwo, pandan yo t ap chante slogan e tire peta nan bilding nan.

Aksyon an te fèt sou 11yèm jou grèv ak manifestasyon ke sendika yo ap fè nan tout peyi a kote yap mande gouvènman an retounen sou desizyon kote li te ogmante laj retrèt la soti nan 62 lane pou rive nan 64 an.

Kontrèman ak anpil lòt peyi Ewopeyen kote fon prive finanse pansyon yo an pati, Lafrans gen yon sistèm kote se moun ki ap travay kounya yo ki finanse pansyon moun ki nan retrèt yo.

Gouvènman an di chanjman an nesesè pou sistèm pansyon an ka kontinye fonksyone.

XS
SM
MD
LG