Accessibility links

Breaking News

Jwè Foutbòl Ganeyen Christian Atsu Mouri nan Tranblemanntè LaTiki a


Foto Achiv: Christian Atsu
Foto Achiv: Christian Atsu

Christian Atsu, jwè foutbòl entènasyonal ki te jwe pou ekip Premier League Chelsea ak Newcastle, mouri nan tranblemanntè Latiki a. Li te gen 31 an.

Manadjè li di Samdi sekouris yo dekouvri kadav Atsu a nan dekonb yon bilding deliks ki gen 12 etaj kote li tap viv nan vil Antakya, pwovens Hatay.

Murat Uzunmehmet di ajans nouvèl prive DHA "yo jwen kadav Atsu anba dekonb yo."

Atsu te rejwen ekip Tik Hatayspor nan mwad Septanm 2022.

Antakya, vil kote ekip Hatayspor gen baz li, sitye nan rejyon sid Latiki ki sibi pi gwo frap sekous la.

Bilan viktim yo apre tranblemanntè puisans 7,8 la 6 Fevriye nan sidès Latiki ak rejyon nò La Siti te depase 43,000 Vandredi.

XS
SM
MD
LG