Accessibility links

Breaking News

Tiki: Sekouris Sove yon Tigason 260 Èd-tan Apre Goudou-Goudou a


Rescuers carry the body of a victim taken out of the rubble, in the aftermath of the deadly earthquake, in Antakya, Turkey, Feb. 17, 2023.
Rescuers carry the body of a victim taken out of the rubble, in the aftermath of the deadly earthquake, in Antakya, Turkey, Feb. 17, 2023.

Sekouris peyi Tiki rale vivan yon teenager gason anba debri yon bilding ki tonbe, 260 èd-tan apre goudou-goudou 7.8 ki te frape sidès Tiki ak Siri, dapre sa ajans nouvèl Tiki Anadolu rapòte Jodi vandredi-a.

Yo mennen Osman Halebiye ki gen 14 an ale lopital nan Antakya.

Apre sa, sekouris rale 2 mesye, Mehmet Ali Sakiroglu ki gen 26 lane ak Mustafa Avci ki gen 33 lane, anba dekonm menm bilding nan, dapre ajans nouvèl DHA. Apre li fin soti a, Avci te pale nan telefòn selilè ak paran li kote li te wè ti bebe li ki fèk fèt, dapre ajans nouvèl Reuters.

Gen kritik kont ekip sovtaj yo nan Tiki daprezwa leta pa fè respekte regleman konstriksyon yo. Dè milye bilding tonbe nan soukous 6 Fevriye a e kite yon kokenn kantite dekonm ke ekip sovtaj yo gen pou yo fouye pou jwenn sivivan.

Plis pase 41-mil moun nan Tiki ak Siri pèdi lavi yo nan tranblemanntè a ki frape 2 peyi yo e dè santèn milye moun paka rete lakay yo.

XS
SM
MD
LG