Accessibility links

Breaking News

Sekouris nan Tiki Rale Lòt Moun Vivan Soti Anba Dekonb yo Madi


Aftermath of the deadly earthquake in Hatay
Aftermath of the deadly earthquake in Hatay

Sekouris nan sid peyi Tiki rale lòt moun vivan anba debri madi, plis pase 8 jou apre yon seri kokenn goudou-goudou ki te frape rejyon an.

Pami dènye moun ke yo rale yo, gen youn ki te anba dekonm yon building nan pwovens Adiyaman ak 2 lòt nan yon building ki kraze plat atè nan Kahramanmaras santral, toupre episant soukous la.

Televizyon nan Tiki moutre video sovtaj yo, men kèk ekspè avèti ke preske pa gen tan ankò pou jwenn moun ki vivan anba restan building yo apre tout tan ki pase a.

Rezidan nan Tiki nan bouk Samandag nan pwovens Hatay, plenyen ke gouvènman an pa fè ase nan rechèch pou jwenn sivivan yo.

Yon sivivan nan dezas la di Sèvis Tik LaVwadlamerik la ke se volontè ak kominote yo ki fè tout bagay, pa gouvènman an.

XS
SM
MD
LG