Accessibility links

Breaking News

Tiki: Sekouris Rale yon Dam Soti Anba Dekonm yon Building


Thank God! My mother is alive!
Thank God! My mother is alive!

Sekouris nan sid peyi Tiki rale yon dam soti anba dekonm yon building lendi, plis pase yon semèn apre yon seri kokenn goudou-goudou te frape rejyon an.

Sekouris rale dam nan ki gen 40 rekòt kafe sou tèt li tou-vivan nan bouk Islahiye nan pwovens Gaziantep, nan moman kèk ekspè avèti ke espwa pou jwenn plis moun vivan nan restan building ki tonbe yo ap diminye.

Otorite nan Tiki rapòte pou pi piti 29-mil-605 mò nan kokenn tranblemanntè a ki santre nan rejyon Gaziantep.

Pa lòt bò fwontyè a nan nò Siri, biwo imanitè Nasyon Zini an fè konnen lendi bilan moun ki mouri moute rive nan 4-mil-300 ak 7-mil-600 blese.

Ekip sekou entènasyonal ak anpil èd medikal rive nan Tiki depi goudou-goudou a te frape bonè maten 6 Fevriye a.

Li pa te fasil pou èd rive nan Siri, akoz restriksyon ki bare èd etranje, pandan gen yon sèl pasaj sou fwontyè Tiki ak Siri. Chajman èd k ap soti nan zòn ke Gouvènman an kontwole paka rive nan zòn ki anba kontwòl rebel yo e se negosyasyon k ap fèt ak divès pati pou kite konvwa imanitè pase.

XS
SM
MD
LG