Accessibility links

Breaking News

Moun peyi Tiki Eksprime Kòlè yo Fas ak Repons Gouvènman an Apre Tranblemanntè a


Atari Kales, 65 an, pote dey pou bel se li ak 2 gran pitit li yo ki mouri apre yon bilding efondre nan vil Antakya, LaTiki, Samdi 11 Fevriye, 2023.
Atari Kales, 65 an, pote dey pou bel se li ak 2 gran pitit li yo ki mouri apre yon bilding efondre nan vil Antakya, LaTiki, Samdi 11 Fevriye, 2023.

Prèske yon semèn apre tranblemanntè ki touye dè dizèn milye moun nan La Siri ak LaTiki, moun ki tap pote dèy pou viktim yo ap eksprime kolè yo kounyea.

Anpil moun nan LaTiki kwè repons leta fas ak dezas istorik sa a pa efikas, enjis e pa apwopriye fas ak dimansyon dega yo.

Yo eksprime fristrasyon yo dèske operasyon sekou yo pran anpil tan e ke gen tan presye ki gaspiye nan moman kote gen espwa pou yo jwenn sivivan toujou.

Gen lòt moun, sitou nan pwovens sid ki rele Hatay la, ki sitye tou pre fwontyè La Siri deklare gouvènman an te an reta ak asistans pou rejyon ki sibi pi gwo dega yo. Yo site rezon politik ak relije pou delè a.

XS
SM
MD
LG