Accessibility links

Breaking News

Yon Kokenn Goudou-Goudou 7.8 Frape Tiki


APTOPIX Syria Earthquake
APTOPIX Syria Earthquake

Yon kokenn goudou-goudou 7.8 frape bonè maten an peyi Tiki ak Siri, kote li touye plis pase mil-700 moun, e deklannche yon mache-prese pou jwenn moun ki siviv nan mitan debri building ki tonbe.

Tranblemanntè a ki fèt nan douvanjou a gen episant li toupre Gaziantep, nan Tiki, toupre fwontyè Tiki ak Siri, e te gen yon lòt apre li ki gen yon pwisans 7.5 nan anviwon 100 kilomèt o nò nan koumansman apremidi.

Otorite nan Tiki di plis pase mil moun pèdi lavi nan Tiki e dè milye lòt blese.

Prezidan peyi Tiki Recep Tayyip Erdogan fè konnen 2-mil-800 bilding pou pi piti kraze. E li ajoute, “Akoz efò k-ap kontinye pou wete debri, nou pa konnen ki valè moun ki mouri oubyen blese.

Responsab sante nan Siri di pou pi piti 430 moun pèdi lavi nan zòn ki anba kontwòl gouvènman an, pandan sekouris fè konnen pou pi piti 225 lòt mouri nan zòn ki anba kontwòl rebel.

Soukous la detwi Chato istorik Gaziantep ak plizyè lòt building istorik nan zòn nan.

XS
SM
MD
LG