Accessibility links

Breaking News

Tiki Fè Demand Poul Jwenn Djèt Konba F-16 nan Men Etazini


USA-TURKEY/
USA-TURKEY/

Demand Tiki pou-l jwenn djèt konba F-16 nan men Etazini, ak posiblite pou lame Tiki-a lanse yon lot operasyon militè nan nò Siri, pwen sa yo ka nan tèt kalandriye chita-koze nan Washington lè Minis Afè Etranjè Tiki, Mevlut Cavusoglu rankontre ak Sekretè Deta Anthony Blinken jodi mèkredi-a.

Kèk analis di nenpòt antant pou achte F-16 ap konekte ak sipò Tiki san pèdi tan pou laji l-OTAN ak angajman li pou-l pa lanse aksyon militè nan nò Siri.

Tiki te mande Etazini ofisyèlman an 2021 pou vann li 40 djèt F-16 ak preske 80 kit pou modènize ekipman li.

Jounal Wall Street rapòte semen pase ke administrasyon an ap pare pou koumanse fè konsiltasyon ak Kongrè-a pou chache apwobasyon pou afè-a ki nan $20 milya.

XS
SM
MD
LG