Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Atak Misil Sou Yon Building Apatman Touye 35 Moun


CT Bakalets War in Ukraine Day 327 01162023
CT Bakalets War in Ukraine Day 327 01162023

Otorite nan Ikrèn di lendi bilan moun ki mouri nan yon atak ak misil sou yon building apatman moute rive nan 35, kote sekouris kontinye ap fouye anba debri pou jwenn lòt sivivan.

Gouvènè rejyon Dnipro-Petrovsk, Valentyn Reznichenko di sou rezo sosyal atak la blese 75 moun e ke yo pako konnen sò 35 lòt.

Atak ak misil la fèt samdi, ak sa kòmandman avyasyon militè Ikrèn nan di ki se yon misil Kh-22 ke LaRisi lanse etan nan rejyon Kursk. Otorite militè yo fè konnen fòs Ikrèn yo desann 21 sou 33 misil ke LaRisi te lanse nan jou sa a, men ke Ikrèn pa gen yon sistèm ki ka bare Kh-22.

Se plizyè fwa Ikrèn di ke fòs ris yo vize pozisyon sivil depi yo te anvayi Ikrèn an Fevriye ane pase.

Otorite ris yo demanti plizyè fwa tou ke yo fè sa, e lendi ankò pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov di fòs ris yo “pa frape building kote moun rete ni enfrastrikti sosyal, men ke yo vize pozisyon militè.” Peskov di se defans aeryen Ikrèn ki lakoz sa ki pase nan Dnipro a.

XS
SM
MD
LG