Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: LaRisi Pran Kontwòl Min Sèl Soledar


LaRisi fè konnen jodi vandredi-a li pran kontwòl min sèl Soledar nan Ikrèn. Ministè Defans ris-la fè konnen LaRisi pran Soledar jedi.

Ikrèn pa fè kòmantè sou dènye deklarasyon sa-a.

Batay pou Soledar-la ap dewoule depi dè mwa e tou le 2 kan-yo di yo gen kontwòl-li plizyè fwa.

Vis-Minis Defans Ikrèn Hanna Maliar te di jedi te gen gwo bafay ki t-ap dewoule nan Soledar, men ke fòs Ikrèn-yo t-ap kenbe la.

Maliar te pale konsa yon jou apre pawòl depaman ki tap pale sou kesyon kiyès ki te gen kontwòl bouk-la nan lès Ikrèn.

Minis Defans Ikrèn Oleksii Reznikov di BBC ke Ikrèn se yon manm de facto nan l-OTAN. Li di peyi-li resevwa zam ak antrènman li bezwen pou konbat envazyon LaRisi a.

XS
SM
MD
LG