Accessibility links

Breaking News

Vis-Minis Defans Ikrèn Di Gen Gwo Batay Toujou nan Soledar


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Vis-Minis Defans Ikrèn Hanna Malyar di te gen gwo batay jodi jedi-a nan Soledar, men ke fòs Ikrèn-yo te kenbe la.

Malyar te pale konsa yon jou apre te gen pawòl depaman pou konnen kilès ki te kontwole bouk-la ki nan lès Ikrèn.

Minis Defans Etazini Lloyd Austin, ayè mèkredi-a, te kalifye batay pou Soledar la kòm yon anviwònman dinamik, ki pa klè, » pandan gen nouvèl ki fè konnen li tonbe anba men Ris yo.

Yevgeny Prigozhin, chef gwoup mèsenè ris Wagner, di mèkredi-a fòs-li-yo pran tout bouk-la, yon bouk kote moun ap travay nan min, e touye 500 solda Ikrèn nan gwo batay.

Kèk minit apre, Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy te di batay-yo ap kontinye.

Nan yon deklarasyon ki parèt sou Facebook, eta majò Ikrèn nan di fòs ris-yo sibi gwo pèt. LaRisi ap chache pran bouk-la depi mwa Daout akoz kavèn plen sèl ki ladann e paske li pre vil Bakhmut.

XS
SM
MD
LG