Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Gwo Batay Kontinye nan Soledar


Smoke rises after shelling in Soledar, the site of heavy battles with Russian forces in the Donetsk region, Ukraine, Jan. 8, 2023.
Smoke rises after shelling in Soledar, the site of heavy battles with Russian forces in the Donetsk region, Ukraine, Jan. 8, 2023.

Lame LaRisi ak Ikrèn fè konnen te gen gwo batay mèkredi nan Soledar, enfòmasyon ki kontredi sa LaRisi te di kòmkwa Gwoup Wagner te pran kontwòl bouk la ki nan lès Ikrèn.

Kèk èd tan apre Gwoup Wagner a te fin di pawòl sa a, lame ris te di batay t ap kontinye ak kèk inite aeryen ris ki ansèkle bouk la nan nò ak nan sid.

Yon lòt kote, anbasadè LaRisi nan Etazini, Anatoly Antonov, di yè madi swa yon desizyon pou antrene twoup Ikrèn pou moutre yo sèvi ak sistèm misil defans Patriot nan Fort Still nan Oklahoma konfime ke « Washington enplike de facto nan konfli Ikrèn nan. »

« Vrè sa administrasyon an vle se fè mezi dega posib sou LaRisi, e sèvi ak Ikrèn pou fè travay la, » se sa Antonov di jounalis yo dapre yon deklarasyon ki soti nan anbasad LaRisi.

« Antrènman an pwal prepare apeprè 90 a 100 sòlda Ikrèn pou yo opere e fè antretyen nan sistèm defans la gras ak yon fòmasyon ki ka dire plizyè mwa, » se pawòl Sekretè laprès nan Pentagòn, Brigadye jeneral Pat Ryder.

XS
SM
MD
LG