Accessibility links

Breaking News

Soledar: Ministè Defans Grand Bretay di Fòs Ris Melanje ak Mèsenè Wagner Gen Kontwòl Siman Pifò Vil la


A tank fires a round, amid Russia's attack on Ukraine, in Soledar
A tank fires a round, amid Russia's attack on Ukraine, in Soledar

Ministè Defans Grand Bretay di jodi madi a fòs ris yo ak sa yo nan gwoup mèsenè Wagner siman gen kontwòl pifò nan Soledar, yon ti bouk kote moun ap travay nan sèl nan lès Ikrèn, e ki pami youn nan zòn ki gen pi gwo batay yo.

Batay pou Soledar la lakoz gwo pèt nan tou le 2 kan yo.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy, lendi, nan diskou ke li fè chak swa a, bay dekripsyon kote li di, « Preske pa gen okenn miray ann antye ki rete kanpe. »

Nan apeprè 10 kilomèt ak Soledar gen vil Bakhmut ki, dapre Ministè Defans Grand Bretay ki bay evalyasyon pa li chak jou, ka se pwochen pozisyon ke LaRisi pwal vize.

XS
SM
MD
LG