Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Yon Misil Ris Frape Yon Makèt


Russian Missile Hits Market in Kharkiv Region
Russian Missile Hits Market in Kharkiv Region

Otorite nan Ikrèn fè konnen jodi lendi a yon misil ris frape yon makèt nan rejyon Kharkiv, kote yon moun pèdi lavi e plizyè lòt blese.

Otorite yo di misil la te frape vilaj Shevchenkove, ki nan apeprè 75 kilomèt distans ak vil Kharkiv.

Asistan Minis Afè Etranjè Emine Dzhaparova poste yon Tweet kote li kondane atak la e li poste video ak foto ki moutre gwo twou ki fèt nan makèt la, ak yon building ki ap boule.

Yon lòt kote, LaRisi ak Ikrèn boukante 50 prizonye ki te anba men yo nan yon antant tou 2 kan yo byen akeyi, menm lè y ap batay antre yo nan lès Ikrèn.

Ministè defans LaRisi a fè konnen 50 solda ris ki tounen jwenn yo a pwal pran avyon pou ale Moskou pou swen medikal ak psikolojik.

Ikrèn konfime enfòmasyon an e di tou ke LaRisi te lage 50 sòlda Ikrèn nan kad menm antant la.

XS
SM
MD
LG