Accessibility links

Breaking News

Yon Gwo Potanta ki Manm Gwoup Wagner a Mande Azil nan Nòvèj


Yon nonm Ris ki se yon ansyen gwo potanta nan gwoup Wagner a al chèche azil nan Nòvèj.

Direksyon Imigrasyon Nòvejyen an te konfime Lendi pou Associated Press ke Andrey Medvedev te vin mande azil nan Nòvèj.

Semèn pase a, lapolis nan Nòvèj te di ke yon moun ki soti Larisi te antre ilegalman nan peyi a, li travèse fwontyè 2 peyi yo.

Dapre ajans nouvèl Nòvejyen NTB, misye nan mawon depi lè li te abandone gwoup Wagner 6 jiyè pase a.

Li fè yon gwoup dwa moun Ris konnen ke li pare pou di tout sa li konnen sou Gwoup Wagner a, ki se yon fòs militè prive.

XS
SM
MD
LG