Accessibility links

Breaking News

LaTiki: Sekouris Yo Kontinye ap Travay San Rete


APTOPIX Turkey Syria Earthquake
APTOPIX Turkey Syria Earthquake

Sekouris ap travay san rete madi nan Tiki ak Siri pou yo jwenn sivivan ki antere anba debri building ki tonbe nan kokenn goudou-goudou ki frape rejyon an lendi e touye plis pase 4-mil-800 moun.

Apre yon nwit kote tanperati te desann toupre nivo pou dlo fè glas, madi, plis pase 20 soukous, ak pwisans 4.0 pou pi piti, te souke zòn fwontyè ant 2 peyi yo.

Direktè-Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) Tedros Adhanom Ghebreyesus eksprime sipò li pou pèp Tiki ak Siri e li di chif sou kantite viktim yo pa moutre doulè fanmi ki pèdi yon manman, yon papa, yon pitit fi, yon pitit gason anba debri yo – oubyen ki pa konnen si moun pa yo vivan oubyen mouri.”

Tedros, ki t ap pale nan yon reyinyon OMS nan Jenèv an Swis, di òganizasyon an ap voye avyon charter nan 2 peyi yo ak materyèl medikal e pwal travay pou sipòte yo pandan y ap rekanpe sou pye yo e rebati lakay yo.

Èd ap soti nan Inyon Ewòp la ak nan plis pase 26 peyi, tankou Etazini, LaRisi, LaChin, Israel, Grès, Kore di Sid, Pakistan, Grand Bretay, elatriye.

XS
SM
MD
LG