Accessibility links

Breaking News

Sekouris LaTiki Sove yon Tigason Anba Dekonb


Sekouris yo sove yon timoun anba dekonb apre gwo tranblemannte ki frape La Tiki, 9 Fevriye 2023.
Sekouris yo sove yon timoun anba dekonb apre gwo tranblemannte ki frape La Tiki, 9 Fevriye 2023.

Sekouris yo sove yon tigason 2 zan nan dekonb yon bilding ki kraze apre tranbleman tè masif ki frape LaTiki. Yo jwen timoun nan nan vil Antakya nan sid peyi a, 79 hè apre sekous la, ki touye plis pase 19,000 moun nan LaTiki ak Siri.

Videyo Fondasyon Imanitè Latiki a kapte montre sekouris yo kap gade nan yon espas nan mitan dekonb bilding nan epi rale tigason an soti. Timoun nan tap kriye.

Yon sekouris te pote tigason an ale epi remèt li bay travayè lasante yo nan moman moun ki tap suiv te filme ak telefòn yo.

Plizyè santèn milye moun rete san kay apre tranblemantè ki frape sid La Tiki nan moman gen gwo fredi epi mank resous.

Kounyea pa gen anpil espwa dèske yap kapab jwen lòt sivivan.

XS
SM
MD
LG