Accessibility links

Breaking News

Lachin, Iran Mande Afganistan Mete Fen Nan Restriksyon Kont Fanm yo


Iranian President Ebrahim Raisi, right, walks with Chinese President Xi Jinping
Iranian President Ebrahim Raisi, right, walks with Chinese President Xi Jinping

BEIJING (AP) — Lachin ak Iran mande vwazen yo Afganistan pou mete fen nan restriksyon travay ak edikasyon yo mete sou fanm yo.

Apèl sa fèt nan yon deklarasyon konjwen ke te soti Jedi nan fen vizit Prezidan Iranyen an, Ebrahim Raisi, tap fe nan Peken kote yo te rapwoche lyen ekonomik ak politik 2 peyi yo e yo te rejte estanda peyi Lwès yo genyen nan sa ki gen pou wè ak dwa moun ansanm ak demokrasi.

Depi lè Taliban yo te pran kontwòl peyi Afganistan nan mwa Out 2021, Taliban yo te entèdi fanm ak tifi ale nan inivèsite ak lekòl apre klas sizyèm ane a epi fòse moun ki eli nan bwat leta yo ak lòt pozisyon enpòtan demisyone.

Rejim Mizilman chiit Iran an te defye tou ak plizyè semèn manifestasyon ki te pwovoke lanmò yon jèn ki te nan men lapolis paske swadizan vyole egzijans ki gen nan peyi a sou fason yon fanm dwe abiye.

XS
SM
MD
LG