Accessibility links

Breaking News

Lachin: Xi Eksprime Sipò pou Iran Malgre Sanksyon Peyi nan Lwès yo


China Iran
China Iran

BEIJING (AP) — Lidè Chinwa a Xi Jinping eksprime sipò peyi li pou Iran pandan ke prezidan Iranyen an ap vizite Lachin. Teheran ap eseye elaji relasyon l ak Peken ak Moskou pou konpanse pou sanksyon peyi Lwès yo kom pinisyon pou devlopman zam nikleyè.

Pa gen okenn endikasyon sou si pandan reyinyon ant Xi ak Ebrahim Raisi, yo te diskite sou lagè Larisi a nan Ikrèn.

Xi te eksprime sipò li pou gouvènman Raisi a nan langaj Peken itilize pou kritike dominasyon Washington nan zafè mondyal yo.

Lachin ak Iran dekri tèt yo, ansanm ak gouvènman Ris Vladimir Putin nan, kòm peyi ki pral kontrekare pouvwa Ameriken an.

Xi te di ke Lachin sipòte Iran nan "rezistans li ap fè yo e yo pa entimide."

XS
SM
MD
LG