Accessibility links

Breaking News

Etazini Mete Nouvo Restriksyon Komèsyal sou 7 Gwoup an Iran


Lapolis anti emet flote drapo Iranyen an pandan yon selebrasyon nan lari apre Iran kale Peyi de Gal nan Mondyal Foutbol Qatar la, 25 Nov. 2022 nan Teheran, kapital Iran.
Lapolis anti emet flote drapo Iranyen an pandan yon selebrasyon nan lari apre Iran kale Peyi de Gal nan Mondyal Foutbol Qatar la, 25 Nov. 2022 nan Teheran, kapital Iran.

Etazini mete madi nouvo restriksyon komèsyal sou 7 gwoup nan Iran poutèt yo pwodui drone ke LaRisi anplwaye pou atake Ikrèn, dapre Depatman Komès Etazini.

Etazini ajoute Konpayi yo ak lòt òganizasyon sou yon lis pou kontwòl ekspòtasyon kont konpayi ki angaje nan aktivite ki kont enterè sekirite nasyonal Etazini ak politik afè etranjè li.

Nouvo lis Depatman Komès Etazini an parèt nan yon tèks preliminè sou U.S. Federal Register, ki se jounal ofisyèl gouvènman an, e li ap parèt ofisyèlman nan jounal la jodi mèkredi a.

XS
SM
MD
LG