Accessibility links

Breaking News

Prezidan Iranyen Raisi Pral Vizite Lachin Pou Ranfòse Relasyon 2 Peyi yo


Xi-Raisi
Xi-Raisi

BEIJING (AP) — Lachin di Prezidan Iranyen an Ebrahim Raisi pral rankontre ak tokay li Xi Jinping pandan vwayaj li nan Peken. Raisi pral pase 3 jou nan Lachin e vizit la ap kòmanse Madi pandan 2 peyi sa yo ki e rival Etazini ap chèche plis koperasyon ant yo.

Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Lachin nan te fè anons la Dimanch, li di vizit Raisi se te sou envitasyon Xi.

Lachin se youn nan peyi ki achte anpil gaz nan men Iran, Petwòl la se yon sous enpòtan nan revni anyel peyi Iran.

Nan ane 2021, Iran ak Lachin te siyen yon akò koperasyon estratejik 25 ane ki gen ladan li gwo aktivite ekonomik tankou gaz, min nan endistri, transpò ak agrikilti.

Gen gwo tansyon nan relasyon 2 peyi sa yo ak Etazini, epi yo te chache alye yo nan kèk pwojè ansanm ak Larisi.

XS
SM
MD
LG