Accessibility links

Breaking News

Biden Gen Entansyon Entèdi Kèk Envestisman Ameriken nan Lachin


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pwononse premye diskou li sou Eta Nasyon an devan yon sesyon konjwen palman an, 1 Mas 2022 nan Washington.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pwononse premye diskou li sou Eta Nasyon an devan yon sesyon konjwen palman an, 1 Mas 2022 nan Washington.

Administrasyon Biden nan gen entansyon entèdi kare-bare envestisman nan kèk konpayi teknoloji Chinwa epi suiv de pre kèk lòt, dapre sa 3 sous di ajans nouvèl Reuters. Mezi a tonbe nan kad jefo Etazini ap fè pou sere boulon konpayi Ameriken ki envesti plizyè milya dola nan sekrè sansib Chinwa yo.

Entèdiksyon an pral sible kèk envestisman ki gen rapò ak pwodiksyon pus enfòmatik, dapre sa 2 sous fè konnen. Nouvo règleman yo pral trake tou nouvo restriksyon Etazini te enpoze an Oktòb sou ekspotasyon pus entelijans atifisiyèl Ameriken, zouti pou fabrike pus yo, sipè odinatè ak lòt teknoloji ankò.

Lamezonblanch gen entansyon devwale plan an nan yon lòd egzekitif pandan mwa kap vini yo.

Ekspè sou Lachin nan Washington blame envestisè Ameriken yo pou transfè lajan ak konesans ki gen anpil valè ak konpayi teknoloji Chinwaz yo - ki ka ede avanse kapasite militè Peken.

XS
SM
MD
LG