Accessibility links

Breaking News

Lachin Kritike Rezolisyon Lachanm Etazini Adopte Kont li Kòm "Manipulasyon Politik"


Foto Achiv: Potpawol ministe defans Chinwa a, Tan Kefei, pandan yon konferans pou lapres.
Foto Achiv: Potpawol ministe defans Chinwa a, Tan Kefei, pandan yon konferans pou lapres.

Lachin voye jete yon rezolisyon Lachanm Depite Etazini adopte kote li kritike Peken pou balon espyonaj lame Amerikèn te tire epi desann pandan li tap pase sou lanmè peyi a. Lachin deklare se " manipulasyon politik ak pale anpil."

Yon pòtpawòl Ministe Afe Etranjè a di Lachin "pa satisfè ditou e li opoze l ak tout fòs."

Rezolusyon an, ke tout manm Lachanm vote pou adopte Jedi, akize Lachin de "vyolasyon ensolan" pa rapò ak souvrènte Etazini epi dèske li te "bay manti pou di kòm kwa li patap espyone peyi a."

Pandansetan, Ministè Defans Chinwa a di li refize aksepte apèl Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin fè apre yo te desann balon an paske Etazini "pat kreye anbyans pwopis" pou diyalòg la.

XS
SM
MD
LG