Accessibility links

Breaking News

Lachin Akize Etazini Dèske Li Anplwaye Lafòs Avègman kont Balon ki Tap Sivole Peyi a


Jounal Chinwa Chinese Daily News montre foto balon yo sispek tap fe espyonaj kont Etazini nan Los Angeles, 5 Feviye 2023.
Jounal Chinwa Chinese Daily News montre foto balon yo sispek tap fe espyonaj kont Etazini nan Los Angeles, 5 Feviye 2023.

Lachin akize Etazini dèske li anplwaye lafòs avègman lè li tire e desann yon balon Chinwa li sispèk tap fè espyonaj. Lachin di aksyon sa a andomaje seryezman jefò 2 peyi yo ap fè pou stabilize relasyon yo.

Minis Afè Etranje adjwen Lachin, Xie Feng deklare li pote plent ofisyèlman bò kote Anbasad Etazini poutèt militè Ameriken te anplwaye lafòs pou desann balon an.

Xie repete ke balon an sete yon balon sivil ki pat gen pilòt ladann e ki te travèse antre nan espas ayeryen Etazini pa aksidan. Li di Etazini egzajere nan repons li e ke se yon "vyolasyon grav espri lwa entènasyonal yo."

Prezans balon an nan espas ayeryen Etazini te andomaje anpil relasyon ant Lachin ak Etazini ki deja pa bon.

XS
SM
MD
LG