Accessibility links

Breaking News

Etazini Tire e Desann Balon Chinwa a


USA-CHINA/SPY
USA-CHINA/SPY

WASHINGTON (AP) — Lachin ap ensiste pou di ke balon espyon sispèk ke Etazini elimine nan espas aeryen li se te yon balon sivil e li antre Ozetazini pa aksidan, e li menase plis aksyon an repons ak desant balon an ke Etazini te fè.

Prezidan Joe Biden te bay lòd Samdi pou elimine e detwi balon apre li te travèse sit militè ki sansib pou sekirite nasyonal peyi a.

Otorite Pentagòn yo di yon avyon de gè F-22 te tire yon misil sou balon an, e li te pèse l e balon an te desann nan lanmè toupre Myrtle Beach, nan Kawolin disid.

Lamarin te menen yon operasyon nan mitan lanmè pou rekipere rès balon an.

XS
SM
MD
LG