Accessibility links

Breaking News

Etazini ap 'Suiv de Pre' Balon Espyonaj Chinwa kap Sivole Teritwa li


Pot pawol Pantagon nan, Brigadye Jeneral Aviyasyon Etazini Patrick Ryder repon kestyon jounalis yo nan Washington, Vandredi 3 Fevriye, 2023.
Pot pawol Pantagon nan, Brigadye Jeneral Aviyasyon Etazini Patrick Ryder repon kestyon jounalis yo nan Washington, Vandredi 3 Fevriye, 2023.

Pantagon nan anonse Vandredi a midi ke yon balon espyonaj Chinwa pran direksyon ès peyi a e lap sivole rejyon santral peyi Etazini. Otorite yo di Etazini rejte deklarasyon Lachin fè pou di komkwa li patap sèvi ak balon sa a pou espyone.

Brigadye Jeneral Patrick S. Ryder se Sekretè de Près Depatman Defans Ameriken an.

"Dapre enfomasyon nou genyen balon an ap vole ak yon altitid 60,000 pye. Donk lap vole pi wo pase altitid avyon sivil yo. Byen antanti nou konnen gen kamera, kamera sitwayen Ameriken ki filme balon sa a. Pa rapo ak konsèy, map repete ke se yon bagay NORAD ap veye de pre. Nou pa kwe li poze yon menas pou sitwayen yo pou kounyea. Donk se tout sa map di."

Brigadye Jeneral Ryder derefize presize egzakteman ki kote balon an ye, ni di si yap re-konsidere posibilite pou yo ta desann ni.

Responsab militè yo te ekate posibilite pou fè sa, an pati paske yo di sa ta ka poze yon risk pou sivil yo.

Balon espyonaj Chinwa a nan syel vil Billings eta Montana, 1 Fevriye, 2023.
Balon espyonaj Chinwa a nan syel vil Billings eta Montana, 1 Fevriye, 2023.

Sitwayen Ameriken Michael Alverson, ki te filme balon an nan eta Montana di yo te konprann sete yon komèt ki tap pase nan syèl la.

" Eta Montana konu pou bèl syèl li donk mwen toujou ap gade syèl la epi pran foto kouche solèy, bagay konsa. Nou tap travay nan yon minn epi mwen gade syèl la epi mwen wè yon bagay ki sanble Lalin nan - men nou te konnen se pat Lalin ditou. Donk mwen pale ak kanmarad mwen yo pou mande yo eske yo wè l tou epi yo reponn ke yo te wè li tou. Donk apre sa nou tal chache jimèl pou gade l pi pre e se lè sa a nou te detèmine sete yon espèz de balon."


Met sou altitid kote lap sivole a, Brigadye Jeneral Ryder di balon an gen kapasite pou l chanje direksyon.

Foto Achiv: Sekrete d Eta Antony Blinken pandan yon rakont ak Minis Afe Etranje Chinwa Wang Yi nan Bali, Endonezi, 9 Jiye 2022.
Foto Achiv: Sekrete d Eta Antony Blinken pandan yon rakont ak Minis Afe Etranje Chinwa Wang Yi nan Bali, Endonezi, 9 Jiye 2022.

Pi bonè nan jounen an, Sekrete d Eta Antony Blinken te anile vizit wo pwofil li te gen entansyon fè pandan wiken nan nan Lachin. Pandansetan, administrasyon Biden nan ap reflechi sou kijan li pral reponn dekouvet balon Chinwa a, kap sivole rejyon sansib nan wès Etazini.

Lachin bo kote pa li ensiste pou di balon an ap fè rechèch sou tan an, e ke li twonpe l de direksyon.

Responsab Pantagon nan anonse dekouvèt balon an, e yo te di youn nan kote moun te wè l se eta Montana, kote Etazini gen 3 enstalasyon nikleyè nan baz aviyasyon ki rele Malstrom nan.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters ak Associated Press

XS
SM
MD
LG