Accessibility links

Breaking News

Peken di li Regrèt yon Balon Sivil san Pilot te Vyole Espas Aeryèn Etazini


This handout photo from Chase Doak taken on Feb. 1, 2023, and released on February 2 shows a suspected Chinese spy balloon in the sky over Billings, Montana.
This handout photo from Chase Doak taken on Feb. 1, 2023, and released on February 2 shows a suspected Chinese spy balloon in the sky over Billings, Montana.

Peken deklare vandredi li regret ke yon balon sivil san pilot te vyole espas aeryen ameriken san fè espre, apre Pentagòn nan te anonse ke li detekte yon balon espyon.

« Se yon balon sivil ki sèvi pou fè rechèch, sitou nan meteo, » e « ki soti an Chin, » se sa yon pòtpawòl ministè afè etranjè chinwa di nan yon kominike. Pòtpawòl la ajoute, « Pati chinwa-a regrèt ke aparèy la te antre san fè espre nan espas aeryen ameriken. »

Jedi, otorite ameriken yo te di ke sa yo sispèk kòm yon balon espyon t ap vwayaje « byen pi wo pase nivo trafik komèsyal aeryen e ke li pa prezante yon menas militè ni fizik pou moun ki atè. »

Etazini detekte balon an sèlman kèk jou anvan yon vwayaj an Chin ke Sekretè Deta Anthony Blinken t ap planifye depi lontan. Li pa klè touswit si balon ke yo dekouvri a ka afekte plan vwayaj li.

Yo te wè aparèy la mèkredi sou eta Montana nan nòdwès peyi a, ki loje youn nan 3 baz avyasyon militè ki opere misil balistik entèkontinantal e fè antretyen yo. Otorite militè yo te konseye pou moun pa tire sou balon an paske yo pa konnen ki sa debri li ka fè sou moun ki atè.

XS
SM
MD
LG