Accessibility links

Breaking News

Lachin di li Pral 'Pwoteje Enterè li' Apre Etazini Desann Balon li


Foto Achiv: Pot Pawol Ministe Afe Etranje Chinwa Mao Nin pandan yon konferans pou lapres nan Peken, 13 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Pot Pawol Ministe Afe Etranje Chinwa Mao Nin pandan yon konferans pou lapres nan Peken, 13 Oktob, 2023.

Lachin fè konnen li pral pran mezi pou "pwoteje dwa lejitim ak enterè li" apre Etazini desann yon gwo balon li te sispèk tap fè espyonaj sou teritwa Ameriken an.

Ensidan an te lakoz Sekretè d Eta Antony Blinken te anile yon vizit li te planifye nan Peken, pou eseye amelyore relasyon ant 2 peyi yo.

Lachin di balon an sete yon balon sivil ke yo tap sèvi pou fè rechèch meteyowolojik, men li derefize di kiyès ki mèt balon sa a.

Pot pawol Ministè Afè Etranje a, Mao Ning souliyen yon lot fwa anko Madi ke balon an, ki pat gen pilot, pat poze oken menas ditou e ke li te antre sou teritwa Ameriken pa aksidan.

Pot pawol la kritike Etazini anko pou sa li dekri tankou reyaksyon egzajere li epi poutèt li sèvi ak lafos pou rezoud kè sote li.

Lè jounalis mande si Lachin vle pou Etazini remèt debri balon an ba li, pot pawol la te raple ke balon an se pou Lachin li ye.

XS
SM
MD
LG