Accessibility links

Breaking News

Etazini Di Li Wè Balon Siveyans Chinwa sou 5 Kontinan


China US
China US

Etazini di mèkredi moun te wè balon siveyans chinwa sou 5 kontinan pandan plizyè lane e ke Washington gen kontak ak alye li yo pou pataje enfòmasyon sou operasyon yo.

“Nou deja pataje enfòmasyon ak dè douzèn peyi nan mond la, nan kominikasyon ki soti kit se Washington, kit se nan anbasad nou yo. E n ap fè sa paske se pa sèlman Etazini ke pwogram sa a te vize, yon pwogram ki vyole souverènte peyi sou 5 kontinan, » se pawòl Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken nan yon konferans pou laprès ak Sekretè Jeneral l-OTAN Jens Stoltenberg nan Depatman Deta.

Prensipal diplomat Etazini an di ke Washington ap aprann chak èd-tan ki pase sa ki soti nan balon an e ke li pwal gen plis pou l di nan jou k ap vini yo.

XS
SM
MD
LG