Accessibility links

Breaking News

Etazini Taka Sible Antite Chinwaz ki Lye ak Balon Espyonaj la


Sekrete Deta Ameriken Antony Blinken pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan Depatman Deta nan Washington, 8 Fevriye, 2023.
Sekrete Deta Ameriken Antony Blinken pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan Depatman Deta nan Washington, 8 Fevriye, 2023.

Etazini ap anvizaje posibilite pou l ta pran mezi kont antite ki lye ak lame Chinwaz la e ki te founi apui pou balon espyonal Chinwa ki te travèse antre nan espas ayeryen Etazini semèn pase a. Se sa yon responsab Depatman Deta fè konnen Jedi.

Washington gen konfyans ke moun ki fabrike balon Chinwa a ke lame Amerikèn te tire e desann wikèn pase a tou pre kòt ès Etazini te gen yon "relasyon dirèk" ak Ame Liberasyon Popilè a, dapre responsab Depatman Deta a.

Pandan yon pale ak Komisyon Relasyon Etranje Sena Etazini an Jedi, Sekretè Deta Adjwen Wendy Sherman te souliyen vòl balon espyonaj Chinwa a nan peyi Etazini se yon lòt siy ki montre Peken ap chache chanje lòd entènasyonal la.

Sekretè Deta Blinken limenm deklare Mèkredi Washington ap ranmase plis enfòmasyon prèske chak hè d tan sou balon Chinwa a e ke Etazini pral pataje tout sa li aprann ki enpòtan ak Kongrè a epi alye li yo toupatou nan mond lan.

An Azi, yon diplomat di ajans nouvèl Reuters ke gen enfòmasyon sou balon an ap sikile libreman kote Etazini ap voye detay bay alye li yo ak patnè li yo osito ke yo disponib.

XS
SM
MD
LG