Accessibility links

Breaking News

Etazini Desann yon Lòt 'Objè Non-Idantifye' sou Lak Huron


Foto Achiv: Pantagon nan, ki se katye jeneral Depatman Defans peyi Etazini nan Washington, 2 Mas, 2022.
Foto Achiv: Pantagon nan, ki se katye jeneral Depatman Defans peyi Etazini nan Washington, 2 Mas, 2022.

Prezidan Joe Biden pase lòd Dimanch pou avyon konba Ameriken desann ak yon misil yon "objè non-idantifye" ki tap sivole Lak Huron.

Otorite Ameriken yo di yo kwè se menm objè yo te trake sou eta Montana epi ap veye depi lavèy nan aswè.

Responsab yo di yo desann objè sa a apre yo te fè mèman parèyman ak objè yo te dekouri nan Alaska epi Kanada akoz yo tap vole nan atiltid ki te poze yon menas pou avyon komèsyal yo.

Otorite peyi Etazini ak Kanada te enpoze restriksyon sou espas ayeryen ki sitye nan zòn Lak Huron epi avyon militè yo te kouri entèsepte objè a epi eseye idantifye l.

XS
SM
MD
LG