Accessibility links

Breaking News

Yon Anplwaye Sèvis Entèlijans Alman Anba Kòd Akoz yo Sispèk li Tap Pase Enfòmasyon Bay Larisi


BND
BND

BERLIN (AP) — Pwokirè yo nan peyi Almay di ke yon anplwaye sèvis entèlijans peyi a te jwenn arestasyon apre yo sispèk li trayi peyi apre li te swadizan pase enfòmasyon bay Larisi.

Pwokirè federal yo te di ke yo arete mesye nan Bèlen Mèkredi 21 desanm nan .

Otorite yo fè konnen ke yo te fouye apatman ak espas kote anplwaye Sèvis Federal Entèlijans la te konn travay.

Lajistis akize sispèk la deske li pase "enfòmasyon ke li te jwenn pandan li tap regle aktivite pwofesyonèl li" e li pase done yo bay yon sèvis entèlijans Ris, ke yo pa t idantifye.

Yo te ajoute ke enfòmasyon an se te "sekrè leta" jan kòd kriminèl Almay la defini la.

Sispèk la te parèt jedi devan yon jij, ki te bay lòd pou yo kenbe l 'nan prizon annatant akizasyon ofisyel li.

XS
SM
MD
LG