Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy ap Vizite Washington


Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden akeyi Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy nan Lamezonblanch, Mekredi 21 Desanm, nan Washington.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden akeyi Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy nan Lamezonblanch, Mekredi 21 Desanm, nan Washington.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy rive Ozetazini pou yon rankont o somè ak Prezidan Joe Biden ak yon diskou devan Kongrè a.

Zelenskyy remesye Prezidan Joe Biden, palmante yo ak senp sitwayen Ameriken yo pou sipo yo.

Pandan yon koze nan biwo Oval Lamezonblanch la, Biden di Zelenskyy Ikrenyen yo enspire mond lan.

Nan komante bref li te fe devan jounalis yo Biden di se yon one pou l chita bo kote tokay Ikrenyen li e li pwomet Etazini pral kontinye voye asistans finansye, milite ak imanite bay Ikren.

Zelenskyy bo kote pa li di li te vle vinn Ozetazini pi bone nan ane a men li pat kapab. Li remet yon meday milite bay Biden ke li di yon kapiten nan lame Ikren voye espesyalman pou prezidan Ameriken an. Zelenskyy di Ikren gen anpil defi pou l leve e ke lage a poko fini.

Nan vil Kyev, kapital Ikren, Associated Press pale ak Stanislav, ki kouri kite Kharkiv ak madanm ni ak pitit gasonn akoz lagè a.

"Mwen pa kwè se yon move bagay ke prezidan nou ale Ozetazini. Li te Ikrèn pandan tout tan sa a. Pandan lagè a li aji ak diyite, li se lidè nou. Nou apiye l. Mwen kwè li pral tounen lakay apre li fini ak biznis li genyen lot bo a. Tout bagay ap anfom."

Tamara kite rejyon li tou pou viv Kyev.

"Ou wè kalite prezidan nou genyen. Nou vreman fyè de li. E nou kontan egzistans li. Nou pral kontinye apiye l men nou pa konnen. Eske nap kapab leve tout defi sa yo? Depi 2 jou nou pa gen kouran. Men sa pa fè anyen nou jwenn yon stasyon kote nou ka chaje telefon nou kanmenm."

Vwayaj sa a se premye vwayaj nan peyi etranje Zelenskyy fè depi Larisi te atake peyi li nan mwad Fevriye a.

Palmantè Ameriken apwouve yon pwojè lwa ki gen ladann $45 milya asistans dijans pou Ikrèn jodia.

Pantagòn nan bò kote pa li ap voye misil sòl-èr Patriot bay Ikrèn.

Nan Moskou, pot pawol prezidans la, Dmitry Peskov kritike vizit la.

"Etazini kontinye ap founi Ikren zam. Donk sa agrave konfli a donk se pa yon bon bagay pou Ikrèn."

Peskov ajoute vizit Zelenskyy nan Washington lakoz Larisi pa atann ni aske Kyèv gen volonte pou diskite sou lapè.

Pi ta aswe a, Zelenskyy va pwononse yon diskou devan Kongre a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG