Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Seri Atak ak Drone Ris Nan Ikrèn


Drone attack on Kyiv
Drone attack on Kyiv

Ikrènn rapòte yon nouvo seri atak ak drone ris Jodi lendi a, kote anpil nan yo konsantre sou kapital Ikrèn nan Kyèv, kèk èd tan apre Prezidan Volodymyr Zelenskyy te fin renouvle apèl pou alye yo ede ranfòse defans aeryen Ikrèn nan batay li kont envazyon LaRisi a.

Lame Ikrèn nan fè konnen li desann 30 sou 35 drone ki eksploze tèt yo ke LaRisi te lanse. Administrasyon vil Kyèv di sou Telegram ke 23 nan drone sa yo te vize vil la.

Otorite nan Kyèv pa rapòte okenn viktim, dapre enfòmasyon preliminè, pandan konpayi ki opere enèji nan Ikrèn nan Ukrenergo fè konnen li pwal koupe kourann ann ijans nan zòn Kyèv la apre atak ak drone yo.

Nouvèl yo fè konnen LaRisi konn lanse atak ak drone nan Kyèv ak nan lòt vil nan Ikrèn ki vize enfrastrikti kouran ak dlo.

XS
SM
MD
LG