Accessibility links

Breaking News

Herman Vle Rete Antrenè Kanada Jiska 2026


Antrene seleksyon nasyonal Kanada, John Herdman pandan mwatch Gwoup F yo kont Beljik, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 23 Nov. 2022.
Antrene seleksyon nasyonal Kanada, John Herdman pandan mwatch Gwoup F yo kont Beljik, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 23 Nov. 2022.

John Herdman deklare li ta renmen rete kòm antrenè seleksyon nasyonal Kanada jiska Mondyal 2026 la nan Amerik di No apre li ede ekip la re-kalifye pou Mondyal la ane sa a.

Kanada re-jwe nan mondyal la ane sa a pou premye fwa depi 1986, men li te elimine apre defèt li devan Bèljik 1-0, epi apre sa Krowasi 4-1.

Dènye match Kanada pral jwe a se va Jedi kont Mawok.

Herdman, yon Britanik ki gen 47 an, te antrenè ekip feminen La Nouvèl Zeland ant 2006 ak 2011, epi ekip feminen Kanadyen an ant 2011 ak 2018. Medam yo te genyen yon meday olenpik bwonz an 2012 ak 2016.

XS
SM
MD
LG