Accessibility links

Breaking News

Responsab Sekirite Elektoral-yo Pare Tann Moun ki ka Deranje Vòt-la


Election 2022 Washington
Election 2022 Washington

Elektè ameriken-yo ak responsab sekirite elektoral-yo ap pare tann moun ki ka deranje vòt-la. Yo pare tou pou etranje ki ta ka chache enfliyanse pwosesis-la, pandan dè milyon Ameriken prale nan biwo vòt-yo jodi-a pou lage bilten nan eleksyon mitan manda-yo.

Dapre yon sondaj ke Economist/YouGov sot reyalize, yon ti kras plis pase 51 % Ameriken di gen chans, menm si se pa anpil chans, pou vyolans pete nan kèk biwo vòt.

Sondaj-yo, ki te kesyone 1,500 adult ant 29 Oktòb ak premye Novanm, jwenn ke se sèlman yon afè 51 % moun ki kwè ke peyi etranje pwal enfliyanse eleksyon-yo.

Yon lòt sondaj YouGov ki te fèt an Jiyè pase te jwenn ke 32 % moun ki te reponn sondaj la pa-t gen anpil konfyans oubyen yo pa-t gen konfyans ditou nan rezilta eleksyon mitan manda-yo.

XS
SM
MD
LG