Accessibility links

Breaking News

McCarthy: Si Repibliken Yo Reprann Chanm Depite a Nap Lanse Yon Ankèt sou Biden


FILE - House Minority Leader Kevin McCarthy of California speaks with reporters on Capitol Hill in Washington, Aug. 12, 2022.
FILE - House Minority Leader Kevin McCarthy of California speaks with reporters on Capitol Hill in Washington, Aug. 12, 2022.

Lidè minorite chanm depite a, Kevin McCarthy, di ke si Repibliken yo reprann Chanm nan, yo pral lanse yon gwo envestigasyon sou administrasyon Prezidan Demokrat Joe Biden.

McCarthy, nan yon entèvyou ak CNN, te di ke ankèt ke yap pral mennen an enkli depa twoup Etazini yon nan Afganistan ak orijin pandemi COVID-19 la.

Li kite pòt la ouvè tou pou yo ta lanse yon pwose pou wetire Biden sou pouvwa a.

McCarthy di: "Nou p'ap janm sèvi ak yon miz an akizasyon pou rezon politik. Sa pa vle di si nou oblije itilizel , nou ta dwe itilize l."

Depite Repibliken an ki gen 57 zan e ki reprezante eta Kalifòni nan Lachanm di li ta sipoze ranplase Demokrat Nancy Pelosi kòm prezidan Chanm Depite a si Repibliken yo repran kontwòl chanm lan nan eleksyon mi manda yo.

McCarthy te di ke li te gen konfyans Repibliken yo pral genyen ase syej nan chanm depite a pou yo ka jwenn yon majorite e li kwè ke li ap jwenn sipò ansyen Prezidan Donald Trump.

"Mwen panse ke Trump ap bay sipò li".

Chanm Depite ke demokrat yo kontwole te lanse akisayon 2 fwa kont prezidan Trump men akisayon sa yo te echwe apre yo te rive nan Sena a.

McCarthy di CNN tou ke si repibliken yo reprann chanm nan, sekirize fwontyè Etazini pataje ak Meksik la, kontwole enflasyon ak koupe depans gouvènman an ap priyorite pou yo.

XS
SM
MD
LG