Accessibility links

Breaking News

Obama di Demokrat yo: 'Boude pa yon Opsyon'


Ansyen Prezidan Etazini Barack Obama ak Prezidan Joe Biden rive nan yon miting politik nan eta Pensilvani, Samdi 5 Nov. 2022.
Ansyen Prezidan Etazini Barack Obama ak Prezidan Joe Biden rive nan yon miting politik nan eta Pensilvani, Samdi 5 Nov. 2022.

Vwa pi pwisan pati Demokrat la lanse avètisman pou di avotman, sekirite sosyal ak demokrasi an je nan eleksyon mi-manda yo.

Demokrat yo ap eseye simonte opozisyon politik, dènye wikèn kanpay elektoral la anvan Madi 8 Novanm, ki se dat eleksyon an.

Pandan yon miting politik nan vil Pittsburgh, Pennsylvani, ansyen Prezidan Barack Obama di plizyè santèn elektè "boude pa yon opsyon."

Pa rapo ak eleksyon Madi a Obama di: "Sèl fason pou sove demokrasi se si nou goumen pou li ansanm."

Nan Filadèlfi, Prezidan Joe Biden te rejwenn Obama nan yon lot miting politik.

Ansyen Prezidan Donald Trump pran la pawol pandan yon miting politik Samdi 22 Oktob nan Robstown, Texas.
Ansyen Prezidan Donald Trump pran la pawol pandan yon miting politik Samdi 22 Oktob nan Robstown, Texas.

Pandansetan, ansyen Prezidan Donald Trump te mennen kanpay nan sidwès Pènsilvani pou bay Repibliken yo bourad. Li deklare Etazini "an degraba" gras ak Demokrat yo.

XS
SM
MD
LG