Accessibility links

Breaking News

Biden: Repibliken yo Taka Koupe Sekirite Sosyal la


Prezidan Joe Biden pale sou pwoteksyon Sekirite Sosyal, Medicare ak rediksyon pri medikaman yo pandan yon vizit nan eta Florid, Madi 1 Nov. 2022.
Prezidan Joe Biden pale sou pwoteksyon Sekirite Sosyal, Medicare ak rediksyon pri medikaman yo pandan yon vizit nan eta Florid, Madi 1 Nov. 2022.

Prezidan Joe Biden lanse avètisman bay elektè eta Florid yo ke Repibliken yo taka koupe benefis Sekirite Sosyal ak Medicare yo. Biden fè yon vizit nan eta sila a ki sitye nan sid Etazini Madi kote li eseye soulve swen sante ak benefis retrèt kom kestyon enpòtan elektè yo ta dwe konsidere, nan moman Demokrat yo ap eseye mentni kontwòl Kongrè a.

"Wap kontribye a Sekirite Sosyal la depi tout vi w, ou merite jwi benefis sa a, kounyea mesye sa yo vle pran l nan men w." Se sa Biden deklare pandan yon diskou nan Hallandale Beach kote li di pwogram gouvènman sa yo "anba syèj" gras ak Repibliken yo.

Biden ajoute: "Kiyès yo konprann yo ye?"

Diskou a madi nan yon sant kominotè kote pat gen anpil moun, fèt 7 jou sèlman anvan dewoulman eleksyon mi-manda yo 8 Novanm kap vini an. Eleksyon sa yo reprezante yon defi pou Biden ak kanmarad Demokrat li yo ki gen espwa kenbe majorite tou mens yo jwi nan Kongrè a.

XS
SM
MD
LG