Accessibility links

Breaking News

Miami: Kandida pou Sena Val Demings Mennen Kanpay nan yon Katye Ayisyen


Patizan kandida pou Sena Etazini, Depite Val Demings nan Lake Worth, Florid, 18 Oktob, 2022.
Patizan kandida pou Sena Etazini, Depite Val Demings nan Lake Worth, Florid, 18 Oktob, 2022.

Depite eta Florid ak kandida pou Sena Val Demings te fè kanpay nan North Miami Lendi, ki se yon kominote kote anpil Ayisyen-Ameriken abite.

Depite a, ki fè 3 manda nan Lachanm dè Reprezantan e ki se ansyen chèf polis vil Orlando, ap fè konpetisyon ak Senatè Repibliken Marco Rubio pou syèj Sena a. Rubio devan Demings nan sondaj yo, 2 semèn anvan eleksyon an.

Elektè Florid yo favorize de plizanpli kandida de dwat yo, e se sa ki bay Rubio avantaj la. Gen plis Repibliken pase Demokrat kap enskri yo pou vote nan eta sila a ki sitye nan sid Etazini.

" Nou ka ranpote la viktwa. Nou fè'l deja e nou ka fè'l anko. Kous sa a gen pou wè ak pèp la. Diferans ant mwenmenm ak opozan mwen se ke pou mwen se tout moun ki konte pa moun rich yo sèlman."

Demings te pale ak elektè yo devan Bibyotèk Piblik North Miami an, kote moun te ka komanse vote depi Lendi.

"Kominote ki pa sanble'm ak sa yo ki pa panse menm jan ave'm pat vin gen enpotans nan kous elektoral sa a non. Nou bezwen tout elektè yo. Se poutet sa mwen vwayaje ale toupatou nan eta a, kèlkeswa kiyès ou ye nou tout gen menm kè sote yo. E nou gen tandans konsantre twop sou diferans nou yo. Si nou koze youn ak lot epi gade kisa nou genyen an komun nap wè ke nou tout vle yon Florid ki fonksyone pou tout moun."

Kèk sitwayen eksprime espwa yo ke Demings ta tounen vizite kominote yo a si li eli Senatè.

Smith Cassamajor se yon animatè radyo Ayisyen.

" Yo toujou ap vini nan kominote nou an - yo toujou ap mande moun vote pou yo - men yo pa janm tounen le yo fin eli. Si ou eli e ou mande Ayisyen vote pouwou, apre ou genyen fok ou tounen nan kominote Ayisyèn nan pou di yo sak ap pase. Men gen de lè yo pa janm tounen. Se poutèt sa mwen mande mamzèl si li eli mwen espere li pral tounen nan kominote Ayisyèn nan pou di yo sakap fèt."

Linda Julian se manm konsèy Miami Gardens.

"Nou ta renmen we refom imigrasyon. Nou ta renmen we politik egal ego pou tout moun. Paske depi two lontan pep nou an majinalize se yon enjistis. E mwen vle yon reprezantan kap pran tout moun an konsiderasyon pa yon gwoup selman. "

Eleksyon mi-manda fikse pou 8 Novanm Ozetazini.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG