Accessibility links

Breaking News

Biden Priyorize Lwa sou Avòtman Anvan Eleksyon Mi-Manda yo


Prezidan Joe Biden pran la pawol sou akse ak avotman pandan yon rankont pati Nasyonal Demokrat la nan Washington, 18 Oktob 2022.
Prezidan Joe Biden pran la pawol sou akse ak avotman pandan yon rankont pati Nasyonal Demokrat la nan Washington, 18 Oktob 2022.

Prezidan Joe Biden pral pwomèt Madi ke premye pwojè lwa lap voye bay Kongrè a ane pwochèn se pral youn ki rann avòtman legal Ozetazini, si Demokrat yo ranpòte ase syèj pou mentni kontwòl Kongrè a nan eleksyon mi-manda yo.

Se premye fwa Biden priyorize yon lwa sou avòtman anvan eleksyon mwad Novanm yo.

Obsèvatè yo predi Repibliken yo pral reprann kontwòl omwens La Chanm dè Reprezantan.

Militan an favè dwa legal pou medam yo fè avòtman motive Demokrat yo anpil ane sa a pou y'al vote, malgre ekonomi a ak lavichè se 2 prensipal kè sote elektè Ameriken yo genyen.

XS
SM
MD
LG