Accessibility links

Breaking News

Demokrat Nan Kongrè Etazini ap Prezante Pwojè-lwa Pou Sispann Lavant Zak ak Arabi Saoudit Zam Ameriken


Prezidan Joe Biden pale pandan yon Some sou Prevansyon ak Kontwol Dife yo nan Lamezonblanch, Madi 11 Oktob, 2022.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon Some sou Prevansyon ak Kontwol Dife yo nan Lamezonblanch, Madi 11 Oktob, 2022.

Demokrat yo nan Kongrè Etazini an ap prezante pwojè-lwa pou sispann vann Arabi Saoudit zam ameriken apre wayòm nan te kanpe bò kote LaRisi pou redui pwodiksyon petwòl nan reyinyon OPEP+ ki te dewoule semèn pase a. Mezon Blanch di Prezidan Joe Biden ouvè pou lI travay nan tèt-kole ak Kongrè a pou rekalibre relasyon ak Riyadh.

OPEP + deside semèn pase a fè yon rediksyon 2 milyon dwoum petwòl, malgre pwotestasyon Etazini. Kèk palmantè Demokrat mande aksyon sevè kont Arabi Saoudit lè Kongrè a reyini apre eleksyon mitan manda yo.

Arabi Saoudit di se tout peyi manm OPEP + yo san wete youn ki te apwouve desizyon an ki baze, li di, sou rezon ekonomik. Se 23 nasyon ki ekspòte petwòl yo ki deside ki pri pou li vann sou mache mondyal-la. Palmantè Repibliken yo pa pale sou kesyon-an, men yo plis pale de vyolasyon kont dwa moun ki te fèt nan wayòm nan.

XS
SM
MD
LG