Accessibility links

Breaking News

Biden: Ap Gen 'Konsekans' pou Arabi Saoudit


Prezidan Joe Biden pale pandan yon Some sou Prevansyon ak Kontwol Dife yo nan Lamezonblanch, Madi 11 Oktob, 2022.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon Some sou Prevansyon ak Kontwol Dife yo nan Lamezonblanch, Madi 11 Oktob, 2022.

Prezidan Joe Biden di ap gen "konsekans" pou Arabi Saoudit nan moman administrasyon an ap re-evalye relasyon li ak wayom nan.

Biden fe deklarasyon sa a apre OPEP (Oganizasyon Peyi Ekspotate Petwol yo) ke Riyadh dirije te anonse li tapral redwi pwodiksyon petwol li.

Biden deklare pandan yon entevyou li bay chen televizyon CNN Madi ke lap reflechi sou ki aksyon Etazini ta dwe pran kont Saoudyen yo, men li derefize bay okenn detay.

Rediksyon OPEP anonse a pral ede La Risi antre plis lajan pandan lap kontinye lage lap mennen nan Ikren depi 8 mwa.

Senate Demokrat Richard Blumenthal ki reprezante eta Connecticut ak Depite Ro Khanna ki reprezante Kalifoni prezante devan Kongre a yon pwoje lwa ki ta sispann san pedi tan, tout vant zam Ameriken ak Arabi Saoudit.

XS
SM
MD
LG