Accessibility links

Breaking News

Gaz: Biden li 'Desi' ak Desizyon OPEP Pran Pou Redwi Pwodiksyon Petwòl la


FILE PHOTO: A 3D printed oil pump jack is seen in front of displayed OPEC logo in this illustration picture, April 14, 2020.
FILE PHOTO: A 3D printed oil pump jack is seen in front of displayed OPEC logo in this illustration picture, April 14, 2020.

Dapre yon deklarasyon ki soti nan Mezon Blanch nan Mèkredi, prezidan Ameriken Joe Biden li "desi ak desisyon OPEP pran pou li redwi drastikman pwodiksyon petwol la.

La Mezon Blanch di ke avek desisyon sa OPEP pran an "administrasyon Biden nan pral konsilte Kongrè a sou zouti adisyonèl ak mekanis pou diminye kontwòl peyi sa yo genyen sou pri gaz la".

Peyi OPEP + yo te rankontre nan Vyèn, peyi Otrich, Mèkredi kote yo te deside pou yo te drastikman redwi kota pwodiksyon yo. Dapre sa yon manm delegasyon Iranyen an di, yo pran desizyon an pou sipòte pri pwodwi yo ki afekte.

Reprezantan 13 manm yo nan Òganizasyon Peyi Ekspòtate Petwòl (OPEP) ak 10 alye yo te dakò pou redwi pwodiksyon yo a "2 milyon" barik pa jou pou mwa Novanm nan, dapre sa Amir Hossein Zamaninia, reprezantan Iran nan katèl petwol la te di nan fen reyinyon an.

XS
SM
MD
LG