Accessibility links

Breaking News

Biden Vizite yon Restoran Tacos nan Los Angeles


Prezidan Biden peye pou komann li nan Tacos 1986, yon restoran Meksiken nan vil Los Angeles, Jedi 13 Oktob 2022.
Prezidan Biden peye pou komann li nan Tacos 1986, yon restoran Meksiken nan vil Los Angeles, Jedi 13 Oktob 2022.

Prezidan Joe Biden al achte tacos nan yon restoran ki rele Tacos 1986 nan vil Los Angeles, Kalifoni.

Komann Biden te sou non "Bass" pa Biden -- e le li t'al chache li, sèvè a te di'l y ap ba li yon rabè 50% akoz tout sèvis piblik li fè a. (Karen Bass se yon depite Demokrat ki reprezante Kalifoni nan Kongrè a.)

Men Prezidan Biden pat aksepte rabè a. Li peye pito $60. Ladann te gen yon poubwa $20 epi rès lajan an li di se pou peye pou komann pwochen kliyan an.

Prezidan Biden pibliye videyo vizit la sou kont Twitter ofisyèl li a @POTUS.


Kisa prezidan an komande? Chicken Quesadillas. Kesadiya poul.

XS
SM
MD
LG