Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Mi-Manda: Defi Legal Pou Mete Dout Sou Rezilta yo Deja Kòmanse


US midterm elections 2022
US midterm elections 2022

12 jou avan eleksyon mi-manda yo, anpil tribinal atravè Etazini, deja ap resevwa anpil plent kote gen efò ki ap fèt pou simen dout sou rezilta eleksyon yo.

Depi kòmansman ane sa a, anpil Repibliken te depoze plis pase 100 pwose alantou eleksyon sa yo ki gen pou fèt nan peyi a.

Plent sa yo ki depoze yo gen rapò ak kesyon kontwol fason pou moun itilize lapòs pou vote, e aksè elektè yo genyen ak machin vòt, fason vòt yo anrejistre, yo diskite tou sou bilten vòt ki pa kòrèk ak la lwa ki determine si yo konte.

Se pi gwo depozisyon ki genyen nan tout istwa Etazini avan yon eleksyon - pati yo fè chanjman estratejik yo apre echèk ansyen Prezidan Donald Trump fe fè an 2020 apre li tal eseye defye rezilta eleksyon prezidansyèl yo.

XS
SM
MD
LG